Nan yon kominike li soti vandredi 19 desanm nan, Ministè Afè Sosyal ak Travay raple tout moun k ap bay travay nan peyi a (anplwayè) soti nan antrepriz endistriyèl, pase nan komèsyal, rive nan agrikòl epi òganizasyon, yo gen gwo obligasyon sou do yo. Ki se peye anplwaye yo salè konplemantè, sa n rele Boni an, nan peryòd 24 pou rive 31 desanm chak lane.
E se pa ministè a ki envante obligasyon sa, men pito se sa k di an atik 154, 155, 156 nan kòd travay Ayisyen an.
Nan sans sa, Ministè Afè Sosyal ak Travay avèti l ap gen de seri Enspektè Travay k ap deplwaye sou tout teritwa peyi a, nan objektif pou veye si obligasyon pou bay « Boni » an ap respekte jan lalwa mande l la.
PUBLICITÉ

Fòk nou raple nan reyalite peyi a, aprè sitwayen yo (Travayè) fin pase tout yon lanne ap redi e fè efò pou reziste chak jou Bondye mete, lajan Boni an se tankou se yon soulajman pou yo. Anpil moun mete espwa sou li pou fè tèt yo plezi nan moman fèt fen lanne yo, se avè l yo prevwa achte de seri bagay yo te bezwen pandan lontan, men yo potko ka ofri tèt yo liks sa.
