2 jèn prizonye ki nan penitansye nasyonal ki pote non Trezil Joosnel epi St Ford Ebens Edzer chwazi mete sou pye yon pwojè atizanal ki pote non KATIZANA. Inisyativ la vini nan lide pou yo kapab fè fas ak kèk pwoblèm y ap konfwonte anndan an tankou lite kont fenomèn detansyon prevantiv pwolonje a epi reponn ak kèk bezwen pèsonèl tou.
« KATIZANA mete sou pye nan lane 2017, se aprè yon konsta ki te fèt anndan prizon an kote anpil prizonye swa ki vyeyi epi yo mouri swa yo fè maladi tibèkiloz ak malnitrisyon sou baz detansyon pwolonje epi yo pa janm jije », sa Trezil Richard ki se pòt pawòl estrikti a aprann nou.
Pwiske yo vinn pran konsyans sou reyalite y ap viv la, kote yo lage pou kont yo, yo pa gen avoka ki la pou yo, enbyen de prizonye sa yo met tèt yo ansanm pou yo louvri yon atelye desen. Atelye sa ki gen 20 atis ladan l pwodwi kat souwè pou voye vann sou mache a.
Kòm prizonye sa yo pa mobil pou van n kat desen sa yo, yo te oblije ekri plizyè zanmi yo yon lèt envitasyon pou fòme yon komite entèmedyè k ap pwomote KATIZANA epi fè lyen ant prizonye yo ak rès mond la.
Yo gentan fè patenarya ak yon kongregasyon ki rele CIM ( Inter Congrégation Missionnaire) epi yon komite ki gen 11 pwomotè ladan l k ap genyen tou pou van n kat desen yo nan peyi lotbo dlo.
Alòs se mwayen sa yo itilize pou yo ka reponn ak kondisyon difisil y ap viv nan prizon an chak jou. Nan sans sa « Lajan sa yo rekolte ap gen pou sèvi prizonye sa yo pou achte savon, pat, manje epi men m peye avoka pou jwenn akonpayman nan kòz yo » si nou kwè Trezil Richard.
Atelye KATIZANA ki nan prizon an gen 20 atis prizonye ladan’n k ap travay andedan selil yo pandan yo sou kaban n yo sa ki fè tou yo fè anpil kat daprè pòt pawòl la toujou.
« Atelye a ka pwodui 40 kat pa jou pou yon total 1200 kat chak mwa e se komite a ki responsab pou achte materyèl ki itilize pou koupe bristòl nou itilize a depi deyò paske prizon an pa dakò jilèt. Epi se kongregasyon CIM ki gen misyon pou livre materyèl yo a atelye a ».
Materyèl ki itilize pou pwodui kat desen yo se :Bristòl, kreyon desen, kreyon odinè, règ, plim tout koulè, fet ,egizwa epi gòm.
Atelye desen an travay chak jou paske se yon pwojè ki ede yo jere estrès, evite swisid epi tou sispan n panse ak vanjans
Komite a itilize rezo sosyal yo anpil ak medya tradisyonèl pou touche plis moun vin dekouvri bèl istwa KATIZANA, ki ta dwe enspire anpil moun kwè nan rèv yo, yo pa dwe limite.
KATIZANA: yon atelye ki chwazi kanpe bò kote prizonye yo ki nan Penitansye Nasyonal
Recent Comments
Poursuivi pour enlèvement aux États-Unis, Izo « 5 segond » risque une peine d’emprisonnement à vie
sur
Poursuivi pour enlèvement aux États-Unis, Izo « 5 segond » risque une peine d’emprisonnement à vie
sur
Poursuivi pour enlèvement aux États-Unis, Izo « 5 segond » risque une peine d’emprisonnement à vie
sur
Haïti : Nou P ap Dòmi lance un concours de débat sur la corruption et l’impunité pour les écoliers
sur
Port-au-Prince : au moins 28 présumés bandits tués, trois véhicules, un drone et des armes saisis
sur
Fondation Digicel : les 18 gagnants de la 8ᵉ édition de « Konbit Pou Chanjman » désormais connus
sur
À l’initiative de VOA Kreyòl, plusieurs journalistes haïtiens ont reçu une formation aux Etats-Unis
sur
À la recherche de matériels perdus, au moins 5 présumés bandits récoltent le «Bwa Kale» à Mirebalais
sur
Dans l’incapacité de payer une intervention chirurgicale, Watson Saintil lance un appel à l’aide
sur
Dans l’incapacité de payer une intervention chirurgicale, Watson Saintil lance un appel à l’aide
sur
Haïti: 2 439 personnes tuées, 902 blessées et 951 enlevées de janvier à mi-août, note HumanRights
sur
Élection à la tête de la Fédération Protestante d’Haïti : Dr Julio Volcy à la conquête du grand Nord
sur
Assassinat des deux journalistes: l’AHML condamne et presse les autorités à diligenter une enquête
sur
Une femme découvre que son compagnon est en réalité son frère biologique après 6 ans de relation
sur
Nord-Ouest : deux présumés bandits arrêtés, deux fusils d’assaut et d’autres matériels récupérés
sur
Avec un Stephen Curry « ON FIRE », Golden State égalise deux victoires partout face à Boston Celtics
sur
« Ariel Henry est un médecin respecté. Il n’est pas un assassin », dixit Edmonde Supplice Beauzile
sur
Élection présidentielle colombienne: un candidat favori veut distribuer gratuitement de la cocaïne
sur
« Ariel Henry est un médecin respecté. Il n’est pas un assassin », dixit Edmonde Supplice Beauzile
sur
Selon la fille aînée de Samir Handal, son père vivait à Miami et FBI était au courant de son voyage
sur