Yon trelè ki tap transpòte gaz eksploze, nan lannuit 13 pou louvri 14 desanm lan, nan zòn Samari ak Lafòsèt nan Okap kote kamyon sa te tonbe nan yon kanal epi moun kouri al pran gaz, li eksploze, la ki lakoz plis pase yon trantèn moun fè vwèl pou peyi San chapo.
Pa mank pridans, kèk manm popilasyon an te kouri al ranmase gaz ki tap koule pandan kamyon sitèn lan tonbe epi kamyon an vin eklate. Daprè Benjy Oricia, yon sitwayen nou pale ta fè nou konnen gen anpil ki mouri ak anpil kay boule, anpil fanmiy kontinye ap fè rechèch moun yo ki disparèt.
Sipò mande nan lopital « Justinien » kote plizyè moun transpòte, yo bezwen an ijans : Twal gaz, Seròm…
Gen yon lòt gwoup viktim yo kouri ak yo lopital « Convention Baptiste » ki Kafou Lanmò.
Si gen enfòmasyon ki fè eta de 25 moun ki mouri kalsine, Delege depatmantal Nò a Augustin Pierrot Degaul ki gentan rive sou plas paka konfime chif yo, men fè konnen gen anpil moun ki pèdi lavi yo ak kay ki detui. “ Mw la kòm responsab, men se regretab nou pa gen mwayen nèsese pou reponn ak yon sitiyasyon konsa. Nou pa menm gen kapasite pou etèn yon dife, pa bezwen di pou yon eksplozyon ”, premye deklarasyon Delege a, pandan y ap egzije sipò lòt otorite Leta an ijans.
Yon lòt bò, majistra vil la( dezyèm manm) ki se Patrick Almonord ki te entèveni maten an sou « Radio Caraïbe » fè konnen dega yo anpil, li nan plis pase 30 moun ki mouri nan dram sila a. Gen lòt ki fè konnen bilan an touche plis pase yon karantèn viktim.
Dram nan Okap: yon kamyon gaz ekploze, plis pase 40 moun mouri
Recent Comments
sur Poursuivi pour enlèvement aux États-Unis, Izo « 5 segond » risque une peine d’emprisonnement à vie
sur Poursuivi pour enlèvement aux États-Unis, Izo « 5 segond » risque une peine d’emprisonnement à vie
sur Poursuivi pour enlèvement aux États-Unis, Izo « 5 segond » risque une peine d’emprisonnement à vie
sur Haïti : Nou P ap Dòmi lance un concours de débat sur la corruption et l’impunité pour les écoliers
sur Port-au-Prince : au moins 28 présumés bandits tués, trois véhicules, un drone et des armes saisis
sur Fondation Digicel : les 18 gagnants de la 8ᵉ édition de « Konbit Pou Chanjman » désormais connus
sur À l’initiative de VOA Kreyòl, plusieurs journalistes haïtiens ont reçu une formation aux Etats-Unis
sur À la recherche de matériels perdus, au moins 5 présumés bandits récoltent le «Bwa Kale» à Mirebalais
sur Dans l’incapacité de payer une intervention chirurgicale, Watson Saintil lance un appel à l’aide
sur Dans l’incapacité de payer une intervention chirurgicale, Watson Saintil lance un appel à l’aide
sur Haïti: 2 439 personnes tuées, 902 blessées et 951 enlevées de janvier à mi-août, note HumanRights
sur Élection à la tête de la Fédération Protestante d’Haïti : Dr Julio Volcy à la conquête du grand Nord
sur Assassinat des deux journalistes: l’AHML condamne et presse les autorités à diligenter une enquête
sur Une femme découvre que son compagnon est en réalité son frère biologique après 6 ans de relation
sur Nord-Ouest : deux présumés bandits arrêtés, deux fusils d’assaut et d’autres matériels récupérés
sur Avec un Stephen Curry « ON FIRE », Golden State égalise deux victoires partout face à Boston Celtics
sur « Ariel Henry est un médecin respecté. Il n’est pas un assassin », dixit Edmonde Supplice Beauzile
sur Élection présidentielle colombienne: un candidat favori veut distribuer gratuitement de la cocaïne
sur « Ariel Henry est un médecin respecté. Il n’est pas un assassin », dixit Edmonde Supplice Beauzile
sur Selon la fille aînée de Samir Handal, son père vivait à Miami et FBI était au courant de son voyage
