Okay : Ministè Ledikasyon Nasyonal ouvri dezyèm lise Teknik Agrikòl peyi a

0

Minis Ledikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Nesmy Manigat, te vizite vandredi 27 oktòb 2023 a lise teknik agrikòl ki fenk louvri pòt li nan lokalite Kans, nan senkyèm seksyon kominal Okay. Aprè lise teknik agrikòl Titwoudenip la, se dezyèm lise teknik agrikòl peyi a, aprè yon nòt Ministè a.


Daprè Ministè Ledikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP), vizit minis la te gen plizyè moman siyifikatif ladan l. Mesye Manigat te rankontre kèk notab nan lokalite a, pami yo kazèk Retelia Joseph ak pastè Wilbert Clément. Moun sa yo te bay dizon yo sou pwojè sa a pandan yo eksprime kontantman yo paske inisyativ sa a ki gen yon pakèt enpòtans pedagojik, ekonomik ak sosyal demare nan lokalite sa a.


Aprè rankont ak notab yo, minis la te vizite salklas ki akeyi antou 107 elèv : 69 gason ak 38 fi. Dipousan nan efektif sa a se elèv deplase ki sòti Pòtoprens pou vin viv nan vil Okay ak ozalantou, sa nòt la presize.


Lise sila demare ak twa salklas, de (2) klas segondè 1 ak yon klas segondè 2. Anplis, pandan lise a ap fonksyone nan yon lokal pwovizwa ministè a fenk reyabilite nan kad yon patenarya avèk UNICEF e FNE, minis Nesmy Manigat te tou anonse dezyèm faz pwojè a ap demare anvan lontan.

“ Se faz konstriksyon yon lokal definitif pou akeyi elèv yo. Lokal la ap satisfè tout nòm materyèl pou yon lise nan dimansyon sa a genyen pou li kapab fonksyone. Popilasyon nan zòn nan deja mete aladispozisyon ministè a yon tèren ki tou kole avèk batiman ki resevwa pou yon tibout tan elèv yo “, sa n li nan nòt la.

“ Nou pa dwe wont latè ! Nou pa dwe wont travay latè! Nou dwe lite pou bay peyi a souverènte alimantè li ”, deklarasyon minis edikasyon an te fè pou ankouraje elèv lise teknik agrikòl Kans la yo nan travay latè ki se youn nan gwo sous divès kalite richès.


Daprè responsab yo, atravè lise sa a, elèv yo ap gen pou yo pwodui manje pou yo manje nan kantin lekòl la, epi y ap kapab alimante lòt lekòl. Se yon objektif ki kole kole ak batay ministè a ap mennen pou gen plis manje lokal nan kantin lekòl yo. Lise teknik agrikòl Kans la (Okay) ap benefisye soutyen teknik inivèsite piblik ki nan rejyon yo tankou inivèsite piblik ki Okay, Jeremi ak Miragwàn.


Fòk nou prezise, daprè MENFP, lise teknik agrikòl Kans la, se 23e lise otorite edikatif yo louvri nan depatman Sid la. Se dezyèm lise teknik agrikòl peyi a. Anvan lontan, minis Manigat anonse ouvèti chantye konstriksyon lise teknik agrikòl René Théodore nan Wanament, depatman Nòdès.

kredi: foto nou jwenn sou paj Fesbouk Ministè Ledikasyon Nasyonal la

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici