19.6 C
New York
jeudi, août 14, 2025
Google search engine
AccueilMONDEKoudeta nan peyi Gine Konakri: Avni Alpha Condé "ensèten"

Koudeta nan peyi Gine Konakri: Avni Alpha Condé « ensèten »

Lame gineyèn nan bay Prezidan Alpha Condé yon lèt demisyon pou li siyen, li refize, alòs plizyè peyi di yo prè pou akeyi chèf leta a ki toujou nan men militè ki te ba li koudeta 5 septanm 2021 ki sot pase a.

Jiskaprezan, Alpha Condé pa rive antann li ak militè yo k ap yaya kò yo nan Palè prezidansyèl la nan plas prezidan an.
Nan diskisyon, lame a remèt li yon lèt demisyon pou li siyen men li refize.
Nan sans sa, gen anpil enkyetid sou eta sante li nan men fòs espesyal la. Men Selon jounal « Jeune Afrique » te gen yon delegasyon Cédeao ki te gen ladan li Robert Dussey (Togo), Shirley Ayorkor Botchwey (Gana), Alpha Barry (Bikina) ak Jean Claude Brou, prezidan Òganizasyon Cedeao a ki te vin rankontre Alpha Condé 10 septanm nan, yo fè konnen chèf leta a byen.

Nan veritab galimatcha sa, lavni Alpha Condé nan dlo, kèk peyi zanmi ap chache yon ti plas pou akeyi mesye a.
Prezidan Kongo Brazavil la Denis Sassou-Nguesso di li prè pou l akeyi prezidan an ak bra louvri. Latiki di li prè pou resevwa li pou yon ti tan laswenyay , Lafrans ale pi lwen pou li fè konnen non sèlman li ap resevwa li pou swen medikal yo men tou pou kelkeswa lòt bagay.

N ap raple prezidan Alpha Condé te rive sou pouvwa a 21 desanm 2010 aprè yon koudeta militè ki te fèt 23 desanm 2008 apre lanmò prezidan Lansana Conté ki te nan tèt peyi a depi 1984. Lè sa Militè yo te dirije peyi a jiska 2010 sou komandman kapitèn Mussa Dadis Camara lè Alpha Condé li menm pral ranpòte eleksyon yo nan dezyèm tou.

RELATED ARTICLES

Leave a reply

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici

- Advertisment -
Google search engine

Most Popular

Recent Comments

Extended Opportunity sur 156CAB18-7344-45FD-9F23-77AD2B839CEF

Toutes Les Dernières Informations Du Monde Avec Passion Info Plus , Pour toute Offre promotionnelle veuiller nous Contacter.