Depi ayè dimanch 19 desannm lan rezo sosyal yo anflame aprè rezilta 2èm tou eleksyon prezidansyèl nan peyi Chili kote Gabriel Boric genyen kous la. Men anpil moun plis panche sou laj jenn lidè a ki eli prezidan ak sèlman 35 lanne sou tèt li. Se pa ni laj ni bote Gabriel Boric ki mete l nan pozisyon sa jounen jodi a se pito angajman li nan yon pwosesis byen long nan batay pou yon lòt sistèm.
Nouvo eli a, ki fèt nan lane 1986 nan Sid nan peyi Chili, nan yon zòn ki rele Punta Arenas, etidye dwa nan inivèsite Santiago, an 2011 se la li te entegre batay pou edikasyon gratis nan Peyi a. 2012 li eli nan tèt federasyon etidyan inivèsite Chili.
Se pa sèl fwa Gabriel t ap eli, ak 27 lane swa 2013-2014 li te rantre nan kongrè a kòm depite sou banyè pati konvèjans sosyal.Twò konsakre ak politik e lit pou Peyi l, nouvo prezidan poko menm pran diplòm li nan dwa.
Pilye nan redaksyon nouvèl konstitisyon Chilyèn
An 2019, Gabriel Boric pran yon lòt nivo nan politik peyi l aprè eksplozyon sosyal ki te pwodui kote te gen anpil dechoukaj ki te fèt e plizyè jou manifestasyon. Se la li te angaje l pou Chili gen yon lòt konstitisyon k ap koupe tout lyen ak rejim diktati Augusto Pinochet te enplante a.
Konstitisyon sa toujou nan preparasyon. Gabriel se yon lidè ki trè kritik anvè demokrasi li grandi ladan an.
Anpil moun ap pale de yon Eta-pwovidans
Nan echanj Gabriel Boric te genyen ak AFP avan eleksyon l, li te pote kèk eksplikasyon sou tèm sa. “ Se tankou an Ewòp, yon Eta-pwovidans se yon kote dwa tout moun garanti e yo gen menm privilèj ak nenpòt lajan yo ta posede ”, deklarasyon lidè a.
Nouvo prezidan e ki se pi jenn prezidan Chili konnen gen lòt pwojè. Fè refòm sosyal se youn nan pi gwo objektif li. Nan refòm fiskal li vle fè a tou, li konte fè moun ki pi rich yo patisipe pou Chili gen yon lòt e meyè sistèm sante ak edikasyon, li vle kreye yon nouvo sistèm retrèt.
Gabriel Boric ap gen pou l pran pouvwa 11 mas 2022. Daprè anpil moun, se yon lidè ki respekte pawòl li. Depi byen bonè nan jenès li Gabriel Boric pataje yon gran lanmou pou liv.
De depite a prezidan Chili Gabriel Boric, 35 lane, konnen yon pakou byen long
Recent Comments
sur Poursuivi pour enlèvement aux États-Unis, Izo « 5 segond » risque une peine d’emprisonnement à vie
sur Poursuivi pour enlèvement aux États-Unis, Izo « 5 segond » risque une peine d’emprisonnement à vie
sur Poursuivi pour enlèvement aux États-Unis, Izo « 5 segond » risque une peine d’emprisonnement à vie
sur Haïti : Nou P ap Dòmi lance un concours de débat sur la corruption et l’impunité pour les écoliers
sur Port-au-Prince : au moins 28 présumés bandits tués, trois véhicules, un drone et des armes saisis
sur Fondation Digicel : les 18 gagnants de la 8ᵉ édition de « Konbit Pou Chanjman » désormais connus
sur À l’initiative de VOA Kreyòl, plusieurs journalistes haïtiens ont reçu une formation aux Etats-Unis
sur À la recherche de matériels perdus, au moins 5 présumés bandits récoltent le «Bwa Kale» à Mirebalais
sur Dans l’incapacité de payer une intervention chirurgicale, Watson Saintil lance un appel à l’aide
sur Dans l’incapacité de payer une intervention chirurgicale, Watson Saintil lance un appel à l’aide
sur Haïti: 2 439 personnes tuées, 902 blessées et 951 enlevées de janvier à mi-août, note HumanRights
sur Élection à la tête de la Fédération Protestante d’Haïti : Dr Julio Volcy à la conquête du grand Nord
sur Assassinat des deux journalistes: l’AHML condamne et presse les autorités à diligenter une enquête
sur Une femme découvre que son compagnon est en réalité son frère biologique après 6 ans de relation
sur Nord-Ouest : deux présumés bandits arrêtés, deux fusils d’assaut et d’autres matériels récupérés
sur Avec un Stephen Curry « ON FIRE », Golden State égalise deux victoires partout face à Boston Celtics
sur « Ariel Henry est un médecin respecté. Il n’est pas un assassin », dixit Edmonde Supplice Beauzile
sur Élection présidentielle colombienne: un candidat favori veut distribuer gratuitement de la cocaïne
sur « Ariel Henry est un médecin respecté. Il n’est pas un assassin », dixit Edmonde Supplice Beauzile
sur Selon la fille aînée de Samir Handal, son père vivait à Miami et FBI était au courant de son voyage
